Credit, ki jan li fonksyone e poukisa li enpòtan?

Ad

Disclosure: All content on this website is intended for general education and informational use only. Nothing here should be taken as financial, tax, or legal guidance. Every situation is different, so please reach out to a qualified professional for advice tailored to your needs.

While we aim to share accurate and helpful information, we cannot guarantee that all details are complete, up to date, or error-free. Some pages may include links to external websites. We do not control or endorse the content, privacy practices, or data collection of those third-party sites. Any trademarks or product names mentioned belong to their respective owners, and no partnership or endorsement is implied.

Credit se youn nan zouti finansye ki pi enpòtan nan lavi yon moun. An tèm senp, se konfyans yon moun oswa yon enstitisyon mete nan ou pou prete ou lajan epi atann ou remèt li alè. Lè credit ou bon, ou ka jwenn pi bon interest rate/to enterè, peye mwens sou prè, lwe apatman pi fasil, e pafwa menm ouvri pòt pou kèk travay. Men lè credit ou pa bon, anpil opòtinite ka fèmen pou ou e depans yo vin pi chè.

Bon nouvèl la? Konprann credit pa bezwen difisil. Tout bagay depann de fason ou prete, fason ou peye, e kijan ou jere balans ou chak mwa. Nan atik sa a, nou pral explike ou credit an mo senp, ak ba ou egzanp senp ki ka itil ou nan lavi chak jou, epi n ap ba ou konsèy pratik pou bati epi kenbe yon bon credit score. Nan finisman atik la, w ap konprann kijan credit mache, epi kijan pou sèvi avè l entèlijamman pou rive reyalize objektif finansye ou.

Kisa Credit ye?

Credit se lè ou itilize lajan yon lòt moun ak pwomès pou remèt li, souvan ak interest/ enterè. Si ou itilize credit card pou achte manje oswa mèb, ou prete lajan sa davans. Si ou pa peye tout balans lan nan dat limit la, oswa ou gen yon balance pou pwochen mwa a, ou riske peye interest. Se konsa sistèm nan mache.

Chak fwa ou itilize kredi, enfòmasyon ou yo ale direktman bay Equifax, TransUnion, ak Experian ki se twa credit bureaus nan Amerika. Yo konstwi yon credit history/istwa kredi pou ou kap pèmèt lender detèmine si yap deside prete ou lajan ou pa selon enfòmasyon yo jwenn de jan ou itilize kredi ou. Lè ou peye alè epi kenbe balans yo ba, sa pèmèt credit score ou amelyore . Men lè ou peye an reta, genyen twòp  balans, oswa depans san kontwòl, sa kapab bese credit score ou. Credit enpòtan paske li reprezante repitasyon finansye ou e li enfliyanse posibilite pou’w lwe kay, fè prè, jwenn bon jan asirans, ak plis toujou.

Credit vs. Cash: Konprann Diferans yo

Lè w ap peye pou yon bagay, credit ak cash ka parèt menm jan, men yo fonksyone diferan. Credit se lajan ou prete—li pa pou ou. Chak fwa ou sèvi ak yon credit card oswa ou pran yon loan/prè, ou itilize lajan yon lòt moun. Ou dwe peye li aprè, epi si ou pa peye total la alè, interest/enterè ap ajoute sou balans la. Se konsa anpil moun fini pa tonbe nan dèt san yo pa remake. Men, credit kapab itil: pa egzanp, li ka ede w achte mèb, machin, menm kay; li ede’w konstwi credit history ou, epi li montre si ou serye ak lajan. Cash, bò kote pa’l, se lajan ki sòti dirèkteman nan pòch ou, lajan ou. Lè ou peye ak cash, tranzaksyon an fini la. Pa gen enterè, pa gen bòdwo chak mwa, pa gen credit check, ou pa dwe sou li. Cash ede w evite depanse plis pase sa ou genyen, paske lè li fini, ou paka kontinye achte ankò. Men cash pa konstwi credit score ou, epi pafwa li pran plis tan pou w ekonomize li pou fè yon gwo acha.

Konprann kilè pou sèvi ak credit ak kilè pou chwazi itilize cash se yon pati enpòtan nan bon jesyon finansye ou. Credit, lè li itilize avèk entèlijans, li ka louvri pòt pou ou. Cash ede w rete disipline ak depans ou. Lè ou konnen diferans yo, sa pèmèt ou kenbe kontwòl, evite tonbe nan dèt ki pa nesesè, epi bati yon fondasyon finansye ki solid.

Ad

Ki jan Credit fonksyone?

Credit mache tankou yon rapò sou fason ou prete epi peye lajan pandan yon peryòd de tan. Chak peman alè, an reta, oswa balans wo afekte credit score ou. Se score/nòt sa ki montre si ou serye pou prete. Si ou depanse $500 sou yon credit card epi ou peye total la chak mwa, sa montre disiplin. Sa ede ogmante score ou.

Lòt faktè ou jwenn nan kredi: payment history, kantite balans ou dwe, konbyen tan ou gen ap itilize  kredi, epi kalite credit ou itilize. Lè ou jere kredi ou byen, ou jwenn pi bon interest rate epi ou peye mwens sou prè. Men si ou rate peman oswa ou toujou max-out kat ou (ou toujou gen anpil dèt), score/nòt ou ap vin desann e prè ap vin pi chè oswa pi difisil. Panse ak credit tankou yon kaye nòt finansye—bon abitid yo bay bon nòt.

Types of Credit

Gen de gwo kategori credit: revolving ak installment.

  • Revolving credit se tankou credit card. Ou gen yon limit pouw depanse. Ou pa sipoze  depanse plis ke sa ki nan limit kat la. Aprè ou fin depanse, li enpòtan pou ou peye balans lan regilyèman. Egzanp: si limit ou se $1,000 e ou depanse $200, ou gen $800 ki rete disponib. Men sa pa vle di pou’w ap plede depanse paske anpil expè toujou rekòmande pou w pa depanse plus ke 30% nan itilizasyon kredi ou.
  • Installment credit se prè ki gen peman fiks, tankou car loan, student loan, oswa mortgage. Ou prete yon kantite lajan, epi ou peye li chak mwa pou yon peryòd fiks.

Lè ou itilize de kalite sa yo byen, ou ka bati credit pi vit. Egzanp, peye yon ti prè alè pandan ou kenbe balans credit card ou ba montre bon jesyon lajan. Toujou evite prete plis pase sa ou pa ka peye. Konprann kalite credit yo ap ede w pran desizyon ki pi entelijan pou avni w.

Ad

Poukisa Credit enpòtan?

Credit ka gen gwo enpak nan lavi pèsonèl ak finansye ou. Lè w ap lwe yon apatman, anpil mèt kay yo tcheke credit ou. Gen kèk travay menm ki mande yon verifikasyon credit. Menm pri asirans oswa depo sèvis piblik ka chanje selon credit score ou.

Yon moun ki gen yon credit score 750 ka jwenn yon interest rate pi ba pase yon lòt ki gen yon credit score 620, epi ekonomize plizyè milye dola sou yon mortgage (prè ou pran lè ou achte yon kay). Bon credit ede w nan ijans tou, tankou yon reparasyon machin oswa depans medikal.

Bon credit pa vle di depanse plis. Li vle di w serye: ou peye alè, ou kenbe balans ou ba, epi ou pa fè dèt ki pa nesesè. Sa mete ou nan yon pi bon pozisyon pou fè ekonomi, pran prè pi bon mache, epi santi w an sekirite finansyèman.

Kijan pou bati epi jere Credit ou?

Bati credit depann de ti aksyon konsistan wap pran chak jou nan lavi ou. Peye tout bòdwo alè, kenbe balans credit card ou yo ba, epi pa prete plis pase sa ou pa ka jere. Yon bidjè senp ka ede ou konnen depans ou chak mwa, sèvi ak kat la avèk disiplin, epi peye l nèt san w pa kite balans pou yo pa chaje ou enterè.

Si ou fèk kòmanse, yon secured credit card se yonn nan pi bon chwa ou te kapab fè—li mande pou ‘w fè yon depo inisyal. Sa vle se avek prop lajan ou ke w ap kòmanse. Kantite inisyal ou bay la sèvi kantite kredi limit ou. Li ede’w konstwi credit history ou pi byen. Si ou ta vle konen kisa yon secure credit card ye? Klike la. E siw ta vle konen kòman pou ouvri yon secure credit card osi? Klike la. Lòt aspè ki enpòtan nan bati kredi ou, li pa rekòmande pou ou fèmen ansyen kont yo two vit paske sa ede ou bati yon istwa kredi  pi long. Se sak fè li enpòtan pou gen bon konesans de kredi avan ou pran yon credit card. Genyen yon lòt avantaj ankò lè ou gen diferan tip de credit: yon prè + yon credit card ka ede’w ranfòse score/nòt ou.

Toujou verifye credit report ou pou asire tout enfòmasyon yo kòrèk. Bon score/nòt mande disiplin, chak ti aksyon ou fè chak mwa kapab fè gwo diferans.

Ki jan yo kalkile yon Credit Score?

Yon credit score se yon nimewo twa chif ki montre ki jan ou jere lajan ou prete. Nan Etazini, score/nòt yo plus itilize a se FICO Score, ki fèt pa Fair Isaac. Se score/nòt sa a anpil lenders gade lè w aplike pou yon credit card, car loan, mortgage, oswa menm lè w ap lwe yon apatman. FICO analize jan w prete ak peye pou predi si ou wap ka peye dèt ou alè. Pa egzanp, si ou prete $200 epi ou remèt li kòmsadwa, sa ka pèmèt credit score ou monte. Men si ou peye an reta oswa kenbe gwo balans, score/nòt ou ka desann.

Genyen tou yon lòt modèl score/nòt ki rele VantageScore. VantageScore itil sitou pou aplikasyon ki montre free credit monitoring, men pifò bank, mortgage konpayi, ak gwo lenders toujou itilize FICO kòm referans prensipal.

credit score/ nòt ou baze sou 5 gwo faktè ki vrèman enpòtan:

Ad

Payment History (35%) / Istwa Peman

Sa a se faktè ki pi enpòtan. Li montre si’w peye bill/bòdwo ou alè. Pa peye bill/bòdwo ou alè yon sèl fwa  ka bese score/nòt ou. Pa egzanp, si w toujou peye credit card ou le 19, pou yon rezon ou yon lòt ou deside peye le 25, lender yo ka rapòte li kòm late payment epi chaje ou late fee mete sou li. Lè w toujou peye alè, sa bati konfyans epi montre lenders ke ou serye.

2. Credit Utilization (30%) / Itilizasyon Credit

Sa a mezire konbyen nan limit credit ou w ap itilize. Si ou itilize twòp, lenders ka panse ou a risk, menm si ou peye bòdwo ou alè. Pa egzanp, si kredi limit ou se $1,000 epi ou depanse $800, sa vle di ou itilize 80%, sa twòp. Lè ou kenbe balans ou anba 30%; sa montre ou ka jere kredi ak disiplin. Balans ki ba ede score/nòt ou monte pi vit. Gade pou we kantite kredi ke ou itilize avek zoutiy sa. Credit card utilization calculator

3. Length of Credit History (15%) /tan ou genyen kredi

Pati sa a mezire depi konbyen tan wap itilize kredi. Plis tan ou gen ap itilize’l, se pi vit yon lender ka fè ou konfyans paske lap ka jwenn plus enfòmasyon de ou. Yon credit card ou genyen depi 5 ane kapab ede ou gen yon pi bon score/nòt ou pase yon kont ou louvri mwa pase a. Se poutèt sa, pafwa li pi bon pou pa fèmen ansyen kont yo — sa ka diminye credit history ou. Yon bon istwa ki long montre estabilite. Toujou sonje, se pa selman sou faktè sa credit score a baze.

4. New Credit (10%) / Nouvo Kredi

Pati sa montre konbyen fwa ou aplike pou kredi nan dènye mwa yo. Chak aplikasyon ka fè yon hard inquiry, ki ka bese score/nòt ou tanporèman. Pa egzanp, si ou aplike pou 3 credit cards nan yon mwa, lenders ka panse ou se yon moun ki nan nesesite e ki petèt pa gen yon bon edikasyon finansye. Louvri nouvo kont yo avèk strateji epi sèlman lè ou bezwen, sa ede’w pwoteje score/nòt ou ak evite tonbe nan dèt.

5. Credit Mix (10%) / diferan Kredi

Credit mix montre varyete. Lenders renmen wè yon melanj tankou yon credit card, yon car loan, oswa yon student loan. Pa egzanp, si ou sèlman gen credit cards, sa pa yon problèm, men ajoute yon ti installment loan sa montre ou ka jere diferan kalite kredi. Yon bon melanj bay yon ti ogmantasyon sou score/nòt ou men tou sa pa yon rezon pou ou al pran plisyè tip de kredi san beswen.

Konklizyon

Anpil moun panse credit se jis yon score/nòt, men li plis pase sa—li se abitid ou, disiplin ou, ak fason ou jere lajan chak jou. Konprann kijan li mache ap ede ou fè pi bon chwa finansye. Chak peman alè, chak balans ou kenbe ba, chak prè ou jere san estrès ap konstwi repitasyon finansye ou.

Bon credit pote avantaj tankou jwenn pi ba interest rate, pi bon opsyon prè, pi bon chans pou lwe oswa jwenn travay, e plis sekirite nan ijans. Bati credit pran tan, men li vo efò a. Chak bon desizyon ap rapwoche w pi pre objektif ou—kit se achte kay, edike timoun ou, oswa jere yon ijans san panik.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *